Mèt Liben

Te g on epòk, pa t gen libète lapawòl pa bò isit, te gen diktati. E diktatè an jeneral pa janm bon zanmi moun ki pa montre yo y avèk yo. Men an plis, moun pa t ka pale de rèv yo, moun pa t ka pale de opinyon yo. Lè m byen reflechi, jou pase, men anyen pa chanje pa bò isit. Si libète lapawòl genyen, sa ki pale yo pale pou pa di anyen e lè anfen, yon moun resi di yon bon koze, chans pou li gen yon sib sou tèt li an toujou la. Men a laverite, sou diktati, sa te pi mal.

Pou m montre w a ki pwen moun pa t gen libète lapawòl pa bò isit: m sonje lè m te piti, yon bon maten, yon elèv pèsòn pa t idantifye lekòl la, siman youn nan pitit makout yo, te deside ekri sou youn nan tablo klas nou an :

« Vive bebi dòk ! »

Tout pwofesè ki te vin fè kou pandan jounen an te tèlman pè, ke okenn nan yo pa t oze efase sa ki te ekri sou tablo a pou yo travay. Yo pa t menm oze fè yon kòmantè sou li. Klas la te gen de tablo, tout pwofesè te prefere ekri sou lòt tablo a. Sepandan, a chak règ toujou gen yon eksepsyon, toujou gen yon dènye grenn brav, osinon yon bon malen ki toujou jwenn estrateji pou li pale sa li panse.

Te gen yon pwofesè yo te rele Mèt Liben. Yon ti bout grammoun tou kout, ki te gen plis pase trant lane nan edikasyon. Li te rantre nan klas la, li te gade tablo a, li te depoze sak li epi l te fè yon chita sou biwo a san l pa di anyen. Tout moun te konnen Mèt Liben te refize yon djòb Minis semèn pase a. Pèsòn pa t ka asire sa a 100%, men anpil nan elèv ak pwofesè lekòl la te gen yon dout : se te siman mwayen diktatè a te chwazi pou teste misye. Pandan kèk segonn, je nou tout te brake sou li. Li te gade nou, li te souke tè li, epi l te di :

« Ki moun ki mete « e » nan mo « viv » sou tablo a e ki oze ekri yon non pwòp san majiskil la ? M sèten ke si Bebi Dòk te wè moun sa a, li t ap mande m pase l de chaplèt pou sòt. »

Mèt Liben pran bwòs li, li efase tablo a byen vag epi l kòmanse travay.

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer