Lavi te bèl pou timoun pa bò isit. Pandan chak mwa nan ane a, te toujou chaje aktivite. Te genyen pou tout timoun, pou tout laj.
Mwa janvye se te mwa zansèt yo. Nan kòmansman ane a, tout timoun ak adolesan, te gen pou pase lakay gran fanmi yo pou ale salye yo ak swete yo yon bon lane. Lè konsa, se te toujou lakoutantman, si tati entèl pa ba ou yon ti tchotcho, se te sèten, tonton entèl pa t ap kite w blanch. Pou pi gran yo, sila ki te prèske fini lekòl yo, se te mwa fèt filozòf. Lè konsa a, te toujou gen lajwa. Lekòl envite lekòl, pou elèv yo rankontre, diskite, òganize aktivite.
Pou bon flannè yo, se te mwa pou yo degaje yo fè yon bèl ti mennaj, yon timoun de bòn famiy menm jan avèk yo, pou yo prezante lakay yo. Lè konsa, se te lèt sou lèt ki t ap tonbe, ti boulèt avèk bèl ti pawòl dous, ti mo sikre pou fè lòlòj vòltije. Bon fransè te oblije pale. Pou sila ki pa t aplike lekòl yo, se te yon moman fawouch ak rizib, kote jèn ti demwazèl yo ap korije fot òtograf ak plim wouj pou yo tankou se te pwofesè. Ti medam lekòl kay mè yo te pi fò nan bagay sa a. Zizi pwenti yo…
M ap reflechi a jou yo, epi m pa ka anpeche m souri. Moman yo te bèl, te gen lavi e kè m pa sispann bat fò lè m ap panse ak yo. Mwa fevriye, se te mwa kanaval, mwa koulè, mwa madigra. Jou mwen te pi renmen ladan l, se te toujou jou kanaval etidyan an te konn tonbe a. Gade lè konsa, prensip la se te mete bèl frechè, pou al nan aktivite.
Gwoup vagabon parèy mwen yo ak mwen te konn pran plezi nan pase de lekòl an lekòl, de pwogram an pwogram. M sonje lè nou te nan segond, nou te fè pati sila ki te gen chans yo, nou te gen 2 vye ti bout Tracker. Gade lè konsa, nenpòt 16 jèn gason nan 2 machin yo, kanaval King Posse, Lejand, Koudjay ak ORS nou byen fò nan lari a. N ap fè bri, n ap ranse, n ap tcheke bèl ti gengenn. Nou pa t bezwen anpil pou nou te byen viv !
Mwa mas la a li menm te toujou long anpil, men se te pi bon toujou. Se te epòk nou te konn pran plezi nan fè tou bis. M sonje ane Zenglen lage album 5 etwal la, se te nan tou bis nou tout nan baz la te aprann li pa kè. Mete sou sa, te toujou gen aktivite entèskolè. Aktivite spòtif tankou basketball ak football, aktivite entelektyèl tankou konkou pledwari, konkou epelasyon ak deba kontwadiktwa, te menm gen aktivite pou sila yo ki te vle konkeri yon kè : jwèt korespondans.
Mwa avril se te mwa pak. Pati nan lavi m ki ap toujou mete kè kontan lè m panse ak li, se te lè m te piti. Yon timoun inosan, li pa janm twò difisil pou li pou l fè zanmi. Se pa de bon baz m pa fè epòk sa nan monte kap ak fè lago kache nan lakou Legliz la lè y ap fè aksyon de gras. Yon seri zanmi tan fè tounen fanmi.
Epi sitou, sa mwen pa p janm bliye se te kalte gwo pwason yo te konn banm manje yo. Tout chèn televizyon alawonbadè te toujou konn ap bay fim Jezi ak lòt gwo pèsonaj nan Labib yo. Se te yon plezi pou mwen pou m te reyini ak ti fanmi m yo devan televizyon an, pou nou t ap gade bèl ti komik Jozèf, Moyiz, Ti Jezi…
Mwa me, se te mwa travay ak drapo. Se te pi bèl mwa pou aktivite nan lekòl yo. Fwa nan tout lekòl, avèk sou plas piblik yo. Défilé elèv, òkès ak scout sou Channmas. M sonje tou ke sou Channmas, te konn gen zoo. Lè konsa, zanmi m yo ak mwen te profite pou dekouvri demezi se bèt nou pa gen pa bò isit yo : lyon, krokodil, jiraf… Sou plas yo te konn gen clown. Lè m di w sa a, se te bèl epòk.
Mwa jen, te toujou mwa egzanmen. Tout moun sou lekòl, menm sila ki ta pral double yo ! Vagabon pa t alamòd ; bagay la se te chita lakay ou pou w bat bèt ou, ou sinon fè gwoup de travay. M sonje pou egzanmen bakaloreya yo, patnè m yo ak mwen te gentan prè depi mwa mas ak avril pou sila pami nou yo ki te pi lan yo. Nou te konn fè vagabondaj se vre, men nou te toujou chèche mwayen pou nou jwenn tan pou lekòl nou. Rezilta, lè mwa jen rive, epi tout moun te strese, nou menm nou te relax! Nou t ap prepare egzamen nou vre, men se te revizyon nou tap fè paske n te gentan prepare n davans.
Gras ak sa, nou te toujou jwenn tan pou n fè ti vagabondaj nou pi rèd, kontrèman a grand majorite a. Mwa jen, se te mwa latristès tou. Mwa kote n te oblije separe, di orevwa a kamarad nou yo. M pa p janm bliye ane filo m nan. Se te youn nan ane nan lavi m kote m te pi kontan. M sitou pa p janm bliyen fen ane lekòl la. Li te tèlman mouvmante, ke si m ta kòmanse rakonte tout bagay konya a, m pa t ap janm fini. M sonje gradyasyon m… mizik K-dans lan ap pase nan tèt mwen. Lanmou… lajwa… tristès… separasyon… Senbòl lan pa yon jwèt, lavi nou tout ta pral pran yon lòt koub tout bon vre !
Mwa jiyè, se te mwa lakontantman. Tout timoun alawonnbadè te konn gentan an vakans. Lè m te piti, fanmi m yo te konn pran plezi voye m andeyò. Grann mwen se te moun ki byen cool. Bout madanm sa a te tèlman renmen m epitou, mwen tèlman konstwi bon moman ak li pandan peryòd sa yo…
Gou manje l yo pa p janm soti nan bouch mwen, ti istwa l te konn rakonte m avan m dòmi yo, pa p janm pa sonnen nan zòrèy mwen, je m ap toujou ka wè vizaj li menm si li pa la, nen m ap toujou sonje sant li… bon ti sant m te konn respire andeyò yo… po m ap toujou sonje trankilite ak lapè m te konn santi lè m te konn antre anba l pou m dòmi yo. Anyen pa p janm soti nan tèt mwen. Ni li, ni zanmi m te konn rankontre andeyò yo, ni beny bou te konn al pran nan rivyè yo, ni lè nou te konn ap jwe mab ak football nan tè yo.
Mwa dout se te mwa plezi. Pandan adolesans mwen ak epòk m te nan inivèsite, se te mwa m te plis konn enjoy mwen. Ale andeyò nan fèt chanpèt, al Okap, fete avèk kapwa yo, al Okay fete ak kayen yo, retounen Pòtoprens, ale nan sid fete avèk jakmelyen yo, ale Sodo… Kote plezi a ye se la zanmi m yo ak mwen te ye. M pa p janm pa sonje bèl ti medam m te konn rankontre yo.
Lè m te jèn anpil, mwen te tèlman timid. M pa t lèd ti gason, bèl ti medam yo te konn banm bò, epi m pa menm konprann menm. Men sa pa t janm anpeche kanmèm kanmèm, m te rive gen de bèl ti mennaj detanzantan. Lè m di nou sa a… gade madanm mwen mezanmi. Nou wè m son nèg ki konn gou djòl mwen! Ki konn sa k rele fanm, ki renmen fanm e ki ba l tout valè l mérite.
Pandan m te timid lan, m te batayè tou. M sonje m te kraze yon bal nan Cercle Bellevue. Bagay la a ap pase nan tèt mwen m ap ri. A koz bèl ti mennaj mwen yo, te toujou gon bann nèg, yon bann gwo djo k pa t konn fanm, ki te toujou kenbe m nan kè. M te nan bal ak yon ti gengenn, nou t ap danse yon Zenglen, Nickenson Prudhomme t ap byen lage sou òg la, epi nou t ap ploge anba yon bon konpa.
Te gon gwo djo k kanpe nan yon kwen k ap gade m tou fristre. M te wè ti vagabon an, li pa t menm panse sa menm. Epi pandan n ap danse konsa, misye manyen dèyè fanm ki te avè m nan. Fanm nan estomake li fout misye yon souflèt. M gon sèl kòlè k monte m, m kenbe misye m kòmanse gagannen l. Gon gwoup chen mechan ki t avè m, lè nèg yo wè se mwen k nan goumen, nèg yon plonje sou misye. Misye pran chaplèt pou l pa chape.
Mwa septanm se te mwa tounen lekòl. M sonje papa m te konn al anba lavil ak frè m ak sè m yo epi mwen. Se te la a li te konn achte twal inifòm, se te la a tou li te konn achte liv nou yo. Te konn gen yon kantite moun anba lavil sa a ki ap regle menm aktivite a. Lè ou kanpe bò katredal pou ou ap gade anba nan ri Bòn fwa, ou te gen pou w wè yon yon kantite moun, ou pa ta di se sab bò lanmè.
Bèl okazyon pou n al wè zanmi ke n pa t wè depi kèk mwa yo. Pou n ap eksplike yo vakans nou, jan sa te pase. Pou sila a ki t al lòtbò ap fè djòlè, eksplike kijan pil gwo building yo ye lòtbò lanmè a, ki sansasyon ki genyen lè ou monte avyon, kijan relasyon an ye lè w gen yon ti mennaj djaspora ou sinon blanch. Jwa ti moman sa yo pa t janm dire twòp. Se lekòl nou te vini, kapital devwa ak leson profesè yo te konn ba nou epòk sa yo, pa t janm bouke raple n sa.
Mwa Oktòb, se te toujou premye mwa egzanmen yo. Se te lè plis timoun te konn pase. M sonje m te gen yon profesè ki te toujou renmen di :
« Si un enfant ne réussit pas la première étape, on peut déjà savoir à quoi nous attendre à la fin de l’année ! »
Mwa doktòb se pa t mwa ki te konn gen twòp gwo aktivite devan lòt yo, men mwen sonje ke chak 17 oktòb, Leta te toujou konn òganize bèl seremoni pou onore Papa Nasyon an, pou tout sa li te fè pou nou yo. Nan tan lontan se te nan mwa doktòb tou radio ak television yo te kòmanse pase mizik nwèl sou lèzond. M sonje Konkou Chante Nwèl sou Telemax. Wesner Bellegarde… Michaël Benjamin… Roosevelt Jean… Richard Cavé ak Michaël Guirand… Topolino… Ti mizik sa yo pa p janm soti nan tèt mwen.
Radyo yo ak Televizyon yo te konn fon ti kanpe sou mizik nwèl yo zòn fen Oktòb. Mwa fèt mò yo ta pral rive, se te okazyon pou onore yo. Sou Televizyon yo yo te konn bay anpil fim djab, sou radyo yo mizik rasin pa t bouke jwe. Te toujou chaje aktivite. 1er ak 2 novanm menm, demezi se simtyè nan peyi a te konn chaje ak moun k ap onore memwa pi gran yo, sila ki pran devan nou yo.
A pati 3 novanm, mizik nwèl yo ta pral retounen. Konkou chante nwèl ta pral retounen pi bèl toujou, men se pa t sèlman sa ki te genyen. Lekòl yo te chaje aktivte, epi demezi se kote te gentan kòmanse ap dekore. Palè Nasyonal te toujou an penpan, business yo menm se pa pale.
Sa ta pral kontinye an desanm. Mwa aktivite, mwa plezi, pi bèl mwa nan ane a. Pa t gen yon kote nan peyi a ki pa t konn gen aktivite. Depi mwa desanm rive, demezi rakwen te toujou fonksyone 24/24. Limyè ak fanal toupatou, mizik nwèl tout kote. Tout paran se ale Anba Lavil, Bò Gerit pou al achte bèl rad. Lè konsa anba lavi l la plen kou ze tèlman l gen moun. Pi rèd ke jan sa konn ye lè mwa septanm yo. Pwogram tout kote.
Ti flannè ak jèn fi se achte bèl rad pou soti. Tout timoun piti te konn nan lari tout minwi. Pèsòn paran pa t pè pou malè pa rive yo. Youn te konn voye je sou lòt. Zanmi m yo ak mwen menm, pa t janm konn pase yon jou nan kay. Nou mouvmante sou konn se tè a k ap souke. Nou toupatou ! Se te mwa jenewozite tou, tout moun te konn gen ti tchotcho nan pòch yo, menm sila ki pi pòv yo. Tout moun ap depanse san kanpe, san panse a mwa janvye di ki toujou konn vini apre a. Mwa desanm te toujou la pou raple n enpòtans chak ti moman genyen, ke nou gen yon sèl vi.
M ap sonje bagay yo tankou se te ayè. Sa ki ta di tan sa yo ta va si lwen konya !?